Baky – Peyi Gè

Baky Peyi Gè

Baky – Peyi Gè Lyrics

Artist: Baky
Song: Peyi Gè

Tout nèg gen zam [Tou nèg gen zam]
Tout nèg gen gang [Nèg yo gen gang]
Tout manch gen bal [OMG]
Tande son [Paw paw paw paw]

Dwèt yo frajil [oohweaahh] [On God]
Dwèt yo frajil [257]
Tout block nan gè [Alil alil]
Likilik Bang Bang

Kèt, gad sa nèg yo fon peyi
Si zam bay pouvwa konn nenpot chef leta ap gon chef gang ki pi wo ke li
Yeah M konnen’m ka pa antre chak maten lè’w wè’m Kite kabann
Lari gentan konn konbyen kob ou pran depi avan’w menm kite labank

Gen gè anwo gen gè anba, taux kidnapping lan ogmante
Viktim
Se fizi’k bay nèg yo manje
Menm piti kounya yo danje

Nèg pa mache poukò yo mache ak Clan
E’w ka ap tire sou youn nan bal li pa pran
Tout moun gen zam so m ka di lew nan beef pi gwo nèg la se nèg ki rale avan
Heyy

Nèg yo chaje antèn yo konn Kiyès pou swiv
Yo konn kilè’w antre yo konn Kilew soti
So depi yo vle pran’w yo konn Kilè’l posib
Heyy

Si’w wè’n tande tire epi’w wè’n pa kouri
Se just bri bal pa fè’n pè
Paske depi’n tande’l sa vle di’n pa mouri
Tout nèg gen zam [Tou nèg gen zam]

Tout nèg gen gang [Nèg yo gen gang]
Tout manch gen bal [OMG]
Tande son [Paw paw paw paw]
Dwèt yo frajil [oohweaahh]

Dwèt yo frajil [257]
Tout block nan gè [Alil alil]
Likilik Bang Bang
Pou’n te pran pouvwa, nou tap kreye bandi, son kounya nou responsab dega yo

Lè ghetto pale’w pa tande, yap panse se sèl zam ki ka fè tande vwa yo
Si yo kidnapew yap mande’w valè kob ke’w pa janm ko wè nan vi’w pou’w ba yo
Men Kot Leta? Leta? Bon menm Leta gen gang pa yo
Job Politik tounen sal job

Plak ofisyel tounen passport
Bri bal pran plas claxonne
Nèg yo gon chef Gang nan chak zone [chak zone]
Lè youn fon mò yo kriye viktwa

Se pa 2,3 inosan kap tonbe lè gen 2 gang kap goumen pou teritwa
Isit nèg yo nan misyon man
Nèg yo fin leve gè anndan ghetto Kounya yo paka jere kriz lan man
Si yo paka kanpe’l depi kounya pi devan Lap pi tris nan men’n

Nou di’m pa al jwe, le gon bandi ‘k relem
Pa vre?
Men Eske nap vin chache’m le gon bandi’k leve’m
Heinn?
Find more lyrics at https://dcslyrics.com

You can purchase their music thru
DCSLyrics.com Amazon Music    DCSLyrics.com Apple Music
Disclosure: As an Amazon Associate and an Apple Partner, we earn from qualifying purchases

Baky Lyrics – Peyi Gè

Please support our site by sharing it.
And please follow our site to get the latest lyrics for all your favourite songs.

Release Year: 2022

https://www.youtube.com/watch?v=yoM9uyqyCc4